Yon dènye clik pou ka antre!

    :solisyon san parèy pou tout lang:


:tradiksyon:  :doublaj vwa:  :entèpretarya:

Depi 1998 nou se espesyalis nan:
  • Tradiksyon ak revizyon (biznès, teknoloji ak reklam). Ekriti ak reekriti literè (liv pou timoun, teyat, pwezi, filozofi, teyoloji, generalite…). Nou tradui dokiman ak lokalizasyon sit wèb, e nou gen konesans ke diferans kiltirèl ka rann travay sa difisil. Nou tradui atik jounal tou , dokiman prezantasyon ak lliv teknik tankou manyel pou itilize yon aparèy.

  • Pou plis enfòmasyon e pou konn tarif nou, ale sou paj Pwofil Tradiktè a sou ProZ.com oubyen TranslatorsBase.com.
    (Pou retounen sou paj sa, clike bouton Bak anlè paj navigate w la)

  • Vwa doublaj (Intènèt, radio, televizyon). An 10 zan, nou akimile yon repitasyon san repwòch nan mond medyatik la: nou ofri aktè ki konn fè bon jan doublaj vwa avèk bonjan anrejistreman vwa nan yon pakèt lang ak dyalèk. Kontrèrman a anpil lòt sit wèb, nou pa ni yon pòtay ni yon anyè elektwonik pou aktè ki konn fè doublaj vwa; kote nenpòt kimoun ki ka peye enskripsyon an ka enskri tèt li. Aktè ki fè doublaj vwa pou nou yo se moun ke nou seleksyone aprè nou finn pase yo nan paswa fen oubyen se moun ke direktè conpayi a chwazi pèsonèlman pandan odisyon ki fèt nan estidyo nou yo.

  • Pou ka jwenn tout aktè doublaj vwa nou yo nan lis entènasyonal nou genyen an, ale sou katalòg odio nou an nan Voices.com.
    (Pou retounen sou paj sa, clike bouton Bak anlè paj navigate w la)

  • Sèvis entèprèt – nou ofri sèvis entèprèt pou reyinyon biznès ak konferans nan yon pakèt lang. Nou gen entèprèt nan anpil peyi ewòp la (kontakte nou pou nou di w kiyès ki disponib). Tout entèprèt nou yo gen cazye jidicyè vid. Anpil nan yo diplome nan inivèsite, ap travay nan enstitisyon pwofesyonèl e yo se moun ki gen anpil eksperyans tou nan entèprètarya.

    Men sèvis ki disponib nan peyi grann bretay sèlman:
    - Entèprtarya pou Benefit Agency (ajans sosyal), City Council (lameri), Job Centre Plus (ajans pou chèche travay), National Health Service (sèvis sante nasyoanal), Immigration & Nationality Directorate of the Home Office (imigrasyon e biwo nasyonal minister enteryè a), Immigration & Nationality Directorate of the Home Office (biwo probasyon a).
    - Entèpretarya pou tribinal pou Magistrates Court e Crown Court.


    Kontrèrman ak anpil lòt ajans kap pran piyay sou sistèm nan pou yo ka fè benefis ki konn ale jiska 900% de pri travay la reyèlman koute entèprèt la, nou menm nou di aba pratik sa. Pri nou ba w la se pri ke travay nou fè pou ou a reyèlman koute. Olye ke nou fè w peye pou yon jounen ou byen yon demi jounen pou yon travay tankou yon senp randevou kay doktè ki pa pran plis ke 15 minit pou nou fè, nou gen yon tarif klè tankou dlo kokoye, (nou ajoute sou li kòb transpò entèprèt la, si lap deplase pou lal fè tradiksyon an). Konsa, ou konnen egzakteman pou kisa e konbyen lajan wap peye nou

  • Si ou vle konnen disponibilite yon entèprèt telephone nou kounye a oubyen voye yon imèl ban nou avèk detay de sèvis ou bezwen an e nou dispose pou nou diskite de detay yo avè w.


    Si ou se yon tradiktè, ou ka trouve ke sit rechèch nou an ProZ.com itil pou ou annik klike piba:

    1998-2008, :art4art: (UK) Ltd. Tout dwa nou rezève.
    (sit entènèt la lokalizé en kreyòl : Renès Lophanor)

     Akèy

     Enfòmasyon sou nou

     Sèvis nou

     Echantiyon vwa

     Kontakte nou